Machan Desalin se yon awondisman nan depatman latibonit. li sitye a 150 km anviwon de vil Pòwoprens e 12 km de rout nasyonal #1 an. li te premye kapital peyi Dayiti. Li genyen 6 komin ak aniwon 245 lokalite.
Macahn Desalin rich anpil ak sit istorik ak anpil sit natirel. Pami sit natirel sa yo nou ka site gròt Jean Zinga eti gason, ti sous, sous emperyal ki se yon lye pou Jean Jacques Dessaline ak madanm li marie Claire Heureuse pran ti frechè ak detann yo.
Pou asire defans kapital lan, Dessalines te fè yon konstwi 6 ouvraj tout otou machan Desalin: "Fort décidé", "fort innocent", "fort ti madanm", "fort dorco","fort culbuté"
Pami komin ki gen nan awondisman Machan Desalin nou ka site ti rivyè latibonit. Ti rivyè latibonit gen 6 seksyon kominal ladann. Nan komin sa a nou ka jwenn de gwo moniman ki se: Palais de la Belle rivière ke tout moun konn sou non "Fort 365 portes" ak Fort de la crete à Pierrot.
Kredi: Manman Pemba |
Kredi: Elsie News |
Kredi: The haitian internet Newsletter |
Sous http://www.maghaiti.net/marchand-dessalines-la-premiere-capitale-dhaiti-entre-sa-grandeurhistorique-et-sa-decadencematerielle/
0 commentaires:
Publier un commentaire