Manje Nou


  Manje de baz moun latibonit se lalo, pwa ak diri blan. Moun latibonit renmen diri anpil se tankou nou ta di yo manje diri chak jou. Souvan yo di diri ap leve nan vant nou. Si yo manje yon lòt sereyal ki pa diri yo pap santi yon byen. Moun latibonit renmen du riz blan ak lalo yo. Se depatman an ki pwodui diri yo ak fey lalo an. Diri ak lalo fasil pou prepare e li gou anpil. Lalo an fèt ak yon fey ki rele lalo epi nou toufe li ak sirit (nenpòt vyann ou vle ka fè li). Ou sipoze netwaye fèy lalo an byen epi lave li. le wap toufe li yan ou ap mete epis tou. si ou vle ou ka koupe lalo an ak lòt fèy tankou koupye , Kreson, kaya.




0 commentaires:

Publier un commentaire