Nou se moun Latibonit

Kredi: Bon fruit TV

Flèv Latibonit

Kredi: Haiti libre

Otèl Amiral Killick

Ki nan mitan vil Gonayiv

Kredi: Programme Initiative Jeunes

Depatman Latibonit

Kredi: Zoom sur Haiti

lundi 14 mai 2018

Lòt Vizaj Gonayiv ak Latibonit


Lòt Vizaj Vil Gonayiv ak Latibonit


Image associée
Kredi: DatuOpinion.com




Eske Gonayiv genyen yon bagay poul vann pou kanaval la?

Non paske vil lan manke lidèchip ladann
Oui si nou pran plan istowik ak touristik

Se tris pou yon ayisyen ki te lekòl poul pa konn istwa peyil. Se pi tris toujou pou moun ki plase wo nan tèt leta a inyore istwa peyil.

Gonayiv pou vann e pou revann.

Gonayiv ka vin yon vil touristik si otorie yo entral ak local e mete men ak angajman yo pou yo travay ansanm pou Gonayiv ka tout bon site endepandans lan.

Gonayiv te ka deja yon vil touristik si dirijan lontann yo ak kounye a ki san vizyon ak san objektif te deside fèl vin site endepandans lan tout bon vre.

Eske nou konsyan de kisa sa reprezante pou tout limante? Site kote moun nwa ki te gen plis kouraj lan nan listwa lemon te reyini pou pwoklame endepandans Ayiti. Site kote premye kouran libète a te soufle. Site ki pèmèt mwen jounen Jodi an leve tèt mwen gad ki nenòt moun, kit koulè li, kit ras li, e ke mwen ka pale ak yo ak menm dwa.

Gonayiv prezante plis ke yon stati libète poutan nou pa janm wè sa. Gonayiv te dwe sèlman pou sa. Paskel reprezante e senbolize site libète.

Sa ka rive ke kèk moun ki byen plase nan leta pa konn definisyon libète. Epitou fòk nou ta menen ankèt poun wè si moun sa yo pa gen moun ki nan esklavaj lakay yo toujou nan lane 2014 pou yo pa konprann sa Gonayiv reprezante sou plan istwa l, pou sosyete l, filosofil, kiltirèl li, filantwopik li?

Yon ti kout istwa sou Ti Rivyè Latibonit

La grande place de Petite Rivière, pendant un temps j'ai cru qu'on etait plus en haiti!
Kredi: Haiti Info

Ti Rivyè Latibonit se yon komin ki chita kòl nan awondisman Desalin nan depatman Latibonit, Gran Nò peyi Dayiti. Nan tan lontan li te rele Bèl Rivyè. Se yon zòn kolon fransè, panyòl, ak anglè te renmen anpil. Lanmou yo te gen pou li gen a wè ak riches agrikòl li epi pou jan li te yon kote estratejik. Se sa ki lakòz blan anglè te konstwi yon fò ki rele Lakrèt a pyewo. se nan Bèl Rivyè majorite gwo bout tonton reyinyon diplomatic te konn fèt epi sela ki te gen kay yon kolon gran plantè tankou Madame Pagest Jodi ki gen yon lekòl nasyonal ki pote nonl, Jean Denis ki jounen Jodi a ki se non yon pati nan premye seksyon Ti Rivyè Latibonit.

Pou istwa e pou laverite, Ti Rivyè Latibonit se yonn nan komin ki ran nèg lib jounen Jodi a. Se te la twa pi gwo batay yo te fèt: 4 mas, 11 mas, 24 mas. Se te la tou drapo nou te pran nesans, kontrè ak sa yo fèn konprann. Paske apre batay 11 maw, jou Desalin te fè gwo deklarasyon kote li te di:" Tout nèg ki vle rete tchoul fransè yo soti nan fò, men si yo vle mouri libranje nou bò kote m". Jou sa yo nèg yo maspinen blan fransè byen maspinen. Lè sa te fini gon blan fransè ki di:" nap fè frekan, nou bezwen endepandan, nou pa menm gen drapo. Desalin te gen yon drapo fransè nan menl, li ralel rip epi li chire blan ki te nan mitan drapo a. Li kole wouj lan ak ble a ak pikanbayawonn epi li voyel al koud kay Katrinflon nan Akayè. Kòm sela drapo n te moute pou premye fwa, listwa tou fèn konnen se la drapo an te kreye.

Nan Ti Rivyè latibonit nou gen anpil riches ak sit touristic tankou: Palè 365 pòt la , Fò krèt a pyewo a, Fò Zoranje, Lestè Beach. Chak lane nou resevwa plis pase 12 500 touris sitou nan okazyon sen Jewòm ak lè gen bann rara.

Josué Pierre

jeudi 10 mai 2018

Nouvo Lopital nan Vil Gonayiv

Lopital « La providence des Gonaives »
Nan lane 2014 yo te inogire yon lopital nan lavil Gonayiv. Lopital sa agenyen yon stikti ospitalyè ki tatalman nèf ki reponn ak no ep standa entènasyonal.
Lopital lan konstwi sou yon sifas total 1500 m2. Twati ak strikti l fèt an beton ame ki reponn ak nòm kont tranbleman de tè ak kont siklòn.
Lopital lan ofri sèvis teknik medikal sa yo:
1- Yon ijans ki gen kapasite pou pran 20 kabann
2- 4 sal pou chiriji
3- 1 sal pou sterilisasyon
4- Yon espas “gyneco-obstétrique” ki ka pran 40 kabann
5- Yon matènite ki ka pran 10 tab pou moun akouche
6- Yon sal « Néonatologie » ki ka pran 16 enkibatè
7- Yon pedyatri ki ka pran 20 bèso ak 20 kabann
8- Yon sal “odontologie”
9- Yon sal “imagerie médicale”
10- Yon ,laboratwa
11- Yon sal “Anapathologie”
12- Yon famasi
13- Yon espas sterilisasyon


La Sous yon kote pou vin pran ti beny ou

Sources Chaudes
Kredi: Alterpresse
    Li sitye a 50 km nan nòdwès Gonayiv, li nan dezyèm seksyon kominal nan Ansrouj. Li nan yon milye ki gen anpil pyebwa. Sous cho sa yo repite na pèmèt moun jwenn gerizon ak kèk maladi.

  • Lokalisasyon

  • Kredi: Haiti Fandom


    Kredi: Guide Haïti

    "Le Village d'Ennery" yon ti kote poun Vizite

         Ennery se yon komin Ayiti ki sitye li nan depatman latibonit lan. Vil sa a te fonde nan lane 1776 e se vil yonn nan gran chèf revolisyon ayisyèn nan, Toussaint Louverture.

    Nan Vil sa a genyen yon kote ki kalm a yon minit de pon Enri an. Kote sa a pa lòt ke « le Village d’Ennery ». Nan « le Village d’Ennery » yap baw yon akèk agrayab e ki chalere pou yo ka ofri w yon sèvis ak kalite. Otel lan gen ladann 109 chanm ki konfatab ki pesonalize avek : douch, televizyon ekran plat, revèy, aksè ak entènèt, telefòn, pakin.

  • Lokalisasyon

  • Ajouter une légende