Lòt Vizaj Vil Gonayiv ak Latibonit
Kredi: DatuOpinion.com |
Eske Gonayiv genyen yon bagay poul vann pou kanaval la?
Non paske vil lan manke lidèchip ladann
Oui si nou pran plan istowik ak touristik
Se tris pou yon ayisyen ki te lekòl poul pa konn istwa peyil. Se pi tris toujou pou moun ki plase wo nan tèt leta a inyore istwa peyil.
Gonayiv pou vann e pou revann.
Gonayiv ka vin yon vil touristik si otorie yo entral ak local e mete men ak angajman yo pou yo travay ansanm pou Gonayiv ka tout bon site endepandans lan.
Gonayiv te ka deja yon vil touristik si dirijan lontann yo ak kounye a ki san vizyon ak san objektif te deside fèl vin site endepandans lan tout bon vre.
Eske nou konsyan de kisa sa reprezante pou tout limante? Site kote moun nwa ki te gen plis kouraj lan nan listwa lemon te reyini pou pwoklame endepandans Ayiti. Site kote premye kouran libète a te soufle. Site ki pèmèt mwen jounen Jodi an leve tèt mwen gad ki nenòt moun, kit koulè li, kit ras li, e ke mwen ka pale ak yo ak menm dwa.
Gonayiv prezante plis ke yon stati libète poutan nou pa janm wè sa. Gonayiv te dwe sèlman pou sa. Paskel reprezante e senbolize site libète.
Sa ka rive ke kèk moun ki byen plase nan leta pa konn definisyon libète. Epitou fòk nou ta menen ankèt poun wè si moun sa yo pa gen moun ki nan esklavaj lakay yo toujou nan lane 2014 pou yo pa konprann sa Gonayiv reprezante sou plan istwa l, pou sosyete l, filosofil, kiltirèl li, filantwopik li?
0 commentaires:
Publier un commentaire