Lopital « La providence des Gonaives »
Nan lane 2014 yo te inogire yon lopital nan lavil Gonayiv. Lopital sa agenyen yon stikti ospitalyè ki tatalman nèf ki reponn ak no ep standa entènasyonal.
Lopital lan konstwi sou yon sifas total 1500 m2. Twati ak strikti l fèt an beton ame ki reponn ak nòm kont tranbleman de tè ak kont siklòn.
Lopital lan ofri sèvis teknik medikal sa yo:
1- Yon ijans ki gen kapasite pou pran 20 kabann
2- 4 sal pou chiriji
3- 1 sal pou sterilisasyon
4- Yon espas “gyneco-obstétrique” ki ka pran 40 kabann
5- Yon matènite ki ka pran 10 tab pou moun akouche
6- Yon sal « Néonatologie » ki ka pran 16 enkibatè
7- Yon pedyatri ki ka pran 20 bèso ak 20 kabann
8- Yon sal “odontologie”
9- Yon sal “imagerie médicale”
10- Yon ,laboratwa
11- Yon sal “Anapathologie”
12- Yon famasi
13- Yon espas sterilisasyon
0 commentaires:
Publier un commentaire