lundi 14 mai 2018

Yon ti kout istwa sou Ti Rivyè Latibonit

La grande place de Petite Rivière, pendant un temps j'ai cru qu'on etait plus en haiti!
Kredi: Haiti Info

Ti Rivyè Latibonit se yon komin ki chita kòl nan awondisman Desalin nan depatman Latibonit, Gran Nò peyi Dayiti. Nan tan lontan li te rele Bèl Rivyè. Se yon zòn kolon fransè, panyòl, ak anglè te renmen anpil. Lanmou yo te gen pou li gen a wè ak riches agrikòl li epi pou jan li te yon kote estratejik. Se sa ki lakòz blan anglè te konstwi yon fò ki rele Lakrèt a pyewo. se nan Bèl Rivyè majorite gwo bout tonton reyinyon diplomatic te konn fèt epi sela ki te gen kay yon kolon gran plantè tankou Madame Pagest Jodi ki gen yon lekòl nasyonal ki pote nonl, Jean Denis ki jounen Jodi a ki se non yon pati nan premye seksyon Ti Rivyè Latibonit.

Pou istwa e pou laverite, Ti Rivyè Latibonit se yonn nan komin ki ran nèg lib jounen Jodi a. Se te la twa pi gwo batay yo te fèt: 4 mas, 11 mas, 24 mas. Se te la tou drapo nou te pran nesans, kontrè ak sa yo fèn konprann. Paske apre batay 11 maw, jou Desalin te fè gwo deklarasyon kote li te di:" Tout nèg ki vle rete tchoul fransè yo soti nan fò, men si yo vle mouri libranje nou bò kote m". Jou sa yo nèg yo maspinen blan fransè byen maspinen. Lè sa te fini gon blan fransè ki di:" nap fè frekan, nou bezwen endepandan, nou pa menm gen drapo. Desalin te gen yon drapo fransè nan menl, li ralel rip epi li chire blan ki te nan mitan drapo a. Li kole wouj lan ak ble a ak pikanbayawonn epi li voyel al koud kay Katrinflon nan Akayè. Kòm sela drapo n te moute pou premye fwa, listwa tou fèn konnen se la drapo an te kreye.

Nan Ti Rivyè latibonit nou gen anpil riches ak sit touristic tankou: Palè 365 pòt la , Fò krèt a pyewo a, Fò Zoranje, Lestè Beach. Chak lane nou resevwa plis pase 12 500 touris sitou nan okazyon sen Jewòm ak lè gen bann rara.

Josué Pierre

0 commentaires:

Publier un commentaire